Gen plis pase 300,000 timoun ki nan restavèk an Ayiti. Fenomèn sa a se yon gwo dosye. Li pa fasil pou sènen e li difisil pou yon moun jis di men kisa sosyete a dwe fè pou kanpe l sèk. Tifi se youn nan pi gwo viktim fenomèn sa a. Yo soufri nan kò yo ak nan lespri yo, sa ki gen gwo enpak sou lavi yo pita. Malgre anpil efò ak travay plizyè òganizasyon entènasyonal ak kèk pwogram gouvènman an, sa pa sifi pou kwape pwoblèm sa a. Poutan, kontribisyon pa w ka itil anpil pou fini ak sa. Jis pa konplis nan fè tifi tounen restavèk lakay ou.

Jiskaprezan anpil nan nou kontinye pase fa nan bouch fòm esklavaj sa a, kote tifi ak ti gason tounen ti esklav anndan lakay nou nan sosyete a. Fanm ayisyèn se youn nan gwoup moun ki rann chay sa a pi lou pou pote. Plizyè nan nou, depi n ap viv ak yon gason nan kay, nou chèche yon ti esklav mete ak nou pou fè travay nou pa vle fè nan lide se ede n ap ede l ak paran l. Nou tèlman ensansib ak fenomèn sa a, nou kontinye chèche anpil rezon san sans ki pou pwouve nou nan dwa nou pandan n ap peze kou timoun sa yo ak andikape avni yo poutoutan.

Move lavi mete sou kapasite ak mwayen anpil paran pa genyen pou leve pitit yo kòmsadwa, fè anpil tifi deplase kite kay yo. Lè konsa, yo ale kay yon fanmi ki gen plis mwayen oubyen kay yon zanmi, gendelè yon moun paran yo pa menm konnen. Paran timoun sa yo konn met nan tèt yo, moun oubyen zanmi yo voye pitit yo lakay li a ap ka ede timoun nan paske l gen plis mwayen lajan pase yo. Poutan, mizè timoun sa yo pa konn sèlman ogmante men nou vòlè imanite yo paske nou pi souvan trete yo pi mal pase jan nou trete ti bèt. Deplasman sa yo gen anpil move konsekans sou lavi timoun sa yo. Nou fè yo fè travay ki twòp pou fòs yo nan fè yo dòmi ta leve bonè. Anpil ladan yo pa al lekòl osnon si yo al lekòl se nan nwit nou voye yo pou kò yo nan lekòl ki pi mal yo. Mete sou sa, yo sibi tout kalte vyolans vèbal, fizik ak seksyèl. Timoun sa yo pi souvan tifi yo konn tounen esklav seksyèl mari yo ak pitit gason ki nan kay la.

Fenomèn restavèk lakay nou fè tifi mal jouk nan nanm yo, paske li kontinye ap toupizi yo san janmen ba yo yon chans pou yo mennen yon vi nòmal. Pandan plizyè òganizasyon ap travay pou pwoteje ak ankadre dwa timoun yo, ou ka pote kontribisyon pa w kòm jèn fanm. Menm si ou ta gen bon entansyon, pa aksepte pran okenn ti pitit fi moun pou rete ak ou lakay ou. Menm si paran l pa ta ka ba l manje, dòmi ak tout lòt nesesite materyèl, pa pran l vin rete ak ou. Paske lasyans pwouve l, anviwonman familyal la, menm si li ta lwen pou l yon bon anviwonman kote yon timoun ka grandi gen yon gwo wòl pou l jwe nan devlopman timoun sa a. Kidonk, pa konplis nan derasinman okenn timoun. Ou vle ede yon timoun, konvenk fanmi ki vle ba w li a si l kenbe timoun nan w ap ka toujou bay kontribisyon pa w e sonje pou respekte sa. Si se yon timoun ki debake lakay ou konsa, asire w pou w mennen l nan youn nan biwo ki okipe yo de sa nan peyi a tankou BPM (Biwo Pwoteksyon Minè).

Pa patisipe nan kontinye ak fòm esklavaj ak abi sa a nan okenn sans. Paske menm si yon tifi ta soti anba sistèm sa a, li toujou pote mak la. Yo sibi move eksperyans ki make tout lavi yo. Lè w deside patisipe nan fenomèn sa a, ou kontribye nan fè tifi sa yo ki te restavèk la pa janm gen kapasite pou yo jere lavi yo jan yo ta dwe fè l la. Se yon sèk fènwa ki chaje ak vyolans, maltretans, imilyasyon ki pa janm fini. W ap jwenn, tifi ki viktim restavèk gen plis chans pou fè pitit fi yo sibi menm kalte tretman an. Paske move tretman yo te konn sibi yo tèlman rantre nan lespri yo, l ap difisil pou yo detache avè l epi bliye l jis pou pitit yo pata sibi l tou. Nan konsa, se pi plis, n ap gen tifi ki santi yo enferyè pa rapò ak lòt tifi. Se pi plis tou, n ap gen yon seri fi ki pa ka mèt tèt yo, ki santi yo pa gen valè.

Nou paka konstwi yon modèl fanm k ap gen pou itil sosyete a si nou kontinye sipòte tifi tounen restavèk anndan lakay nou. Si nou vle konstwi yon sosyete ki gen fanm ki mèt tèt yo kote tifi k ap vini yo ka swiv, li enpòtan pou n bay tout tifi menm chans ak menm valè.

Atik: Stef-Any

Foto: No Borders Magazine

Comments

comments