Nan sosyete pa nou an, nou gen yon pil ak yon pakèt jouman ki la pou fanm ki deside pou yon rezon ou pou yon lòt jete pitit. Pa ekzanp, lè fèt manman rive, nou di fanm sa yo pa ka pase bò twou rego pou nou asire nou yo pote chay sa a nan konsyans yo tout lavi yo. Lè se sen valanten, nou anmède yo nan di yo renmen nounous, men y ap jete timoun tankou te gen yon relasyon ant afeksyon ak avòtman. Nou rele yo lougawou, san konsyans ak tout lòt vye non ki pou blese nan m yo e fè yo santi yo koupab tout rès lavi yo. Men si w byen gade, nou pa janm joure gason ki te met ansanm ak fanm sa a pou gwòs li avan li rive nan sitiyasyon sa a.

Dosye jete pitit la se yon gwo deba k ap fè polemik nan plizyè peyi ki pi avanse pase pa nou an. Nan pi fò peyi sa yo, moun yo plis ap goumen pou defann ideyoloji yo, pi souvan ki mare ak kwayans yo nan yon relijyon kèlkonk ou pa. Pa ekzanp Ozetazini, depi 40 lane jete pitit legal men sou kesyon sa a sosyete a divize an 2 kan. Premye kan an vle pou bay fanm chwa pou yo fè sa yo vle ak kò yo nan respè ak nan diyite men dezyèm kan an vle pou tout anbriyon gen dwa a lavi menm si se ta aprè yon kadejak, kidonk moun sa yo kont fenomèn jete pitit la.

Ak de ideyoliji ki opoze konsa, li difisil pou yo rive fè konpwomi. Kidonk, dosye sa a sansib anpil nan plizyè kote nan mond lan. Men nou menm an Ayiti, piske se politik pòch ak ti zanmi nou fè pi byen, batay ideyoloji pa entèrese nou. Se sa ki lakòz, jèn fanm ki nan sitiyasyon sa a lage poukont yo. Nou pi souvan ba yo pote chay la e nou asire nou yo peye pou sa jouk tan yo pa la ankò. Sa ki pi rèd la, piske anpil nan nou se ak fanm menm nou gen pwoblèm nenpòt jan sa ye a nou gen jouman pou lave yo. Yo jete l, nou krisifye yo. Yo kenbe l, nou di yo demele yo ak kaka san savon yo a.

Lakay pa nou jete pitit nan kache ak nan move kondisyon se twazyèm kòz lanmò tifi ak jèn fanm ki nan laj pou fè pitit. Ou p ap kwè l, men atik 262 nan kòd penal la ki di jete pitit ilegal la ekziste depi lane 1835. Yon lwa ki mande pou yo pini yon fanm paske li deside jete pitit ki gen 182 lane, kontinye dikte desizyon gouvènman an sou lavi ak sante fanm, menm si Ayiti se peyi ki gen plis tifi ak fanm ki ansent san yo pa t vle ni planifye sa nan kontinan an. Malgre efò ak batay anpil òganizason k ap defann dwa fanm, yo poko janm ka rive konvenk okenn gouvènman pou ta rive abwoje l. Poutan, plis pase mwatye nan lanmò fanm an Ayiti se rezilta move pratik jete pitit ki fèt nan kache osnon nan move kondisyon.

Men kote responsabilite gason an nan tout dosye sa a? Nou konnen pi souvan se yon gason ki mete ak yon fanm ki fè bagay pou yon fanm ansent. Men, pouki pa gen jouman pou gason ki souvan se pi gwo sous presyon nan dèyè jèn fanm pou jete pitit ke yo pa vle? Pouki pa gen tou rego pou gason ki al chèche lajan pou achte medikaman osnon vye melanj ki kontinye ap touye jèn fanm osnon andomaje kò yo pou tout rès lavi yo? Piske se machann lonje dwèt sou moun nou ye nan sosyete sa a, pouki nou pa lonje dwèt sou gason ki fin gwòs tifi ak jèn fanm men depi lè yo fin konn nouvèl la, yo kraze rak? Kot babye, kritike ak rele anmwey dèyè pil gwo chabrak ak kravat ki nan gouvènman an ki okouran de fenomèn sa a, men pa janm fè anyen pou chanje l?

Ipwokrizi sa a ta dwe revòlte chak grenn nan nou, paske 2 moun pa ka mete ansanm pou fè yon zak epi nou tiye youn ak kout wòch epi nou kite lòt la ap mache liben libè. Se vre se pa joure gason yo tou ki pral pote solisyon ak pwoblèm sa a, men nou pa ka rale zòrèy yon moun ki souvan viktim nan sitiyasyon sa a epi nou kite lòt la paske swadizan se lamoral n ap defann.

Sa ki enpòtan pou nou konprann, n ap viv nan yon sosyete ki pa wè fanm, ki majinalize yo, ki sèvi ak yo tankou yo pa t moun, men kou yo chèche mwayen pou yo siviv, nou kalonnen yo. Li kapital pou nou konprann fanm ki riske lavi yo nan pwosesis sa a se paske yo renmen lavi. Pa gen pèsonn, malgre yo konnen yo gen plis chans pou yo mouri nan jete pitit ki pral riske lavi yo, si yo pa t gen yon rèv osnon ta renmen pou lavi yo amelyore. Pa gen pyès jèn fanm k ap deside mete tèt yo an danje, si se pa paske – menm lè yo pa konnen ni ka esplike sa- pa ta renmen mouri nan lamizè ak yon pitit papa abandone sou ponyèt yo.

Dosye jete pitit la konplike anpil paske li enplike responsabilite endividyèl, kwayans nan relijyon, politik, dwa moun elatriye. Men olye pou nou monte sou do fanm pou kilpabilize yo, rabese yo, denigre yo, an nou chèche plis enfòmasyon sou dosye sa a ki ka ede nou plis konprann li, e devlope sansiblite pou tifi ak jèn fanm ki twouve yo nan twou won san fon sa a nan sosyete a.

Atik: Krissy

Foto: L’obs

Comments

comments